Kite Fason Pa w ak Tobacco Free Florida

Kite Fason Pa w ak Tobacco Free Florida

 

Sispann fimen pwodui tabak se youn nan pi bon bagay ou te ka fè pou sante ou.

Pwodui tabak se toujou premye kòz maladi ak lanmò moun te ka evite Etazini, men bon nouvèl la sèke sante ou kòmanse amelyore nan kèk èdtan apre ou sispann fimen. Pi bonè ou kite, pi bonè kò ou ka kòmanse geri.

Tobacco Free Florida ofri resous GRATIS ki ka ogmante chans ou pou ou kite fimen pou tout bon.

      • Sispann Fimen nan Telefòn – pale ak yon Antrenè pou Sispann Fimen sou pakou ou pou sispann fimen pwodui tabak.
        • Antrenè pou Sispann Fimen yo disponib 24 sou 24, 7 jou sou 7.
          • Sèvis sa a disponib an kreyòl gras a yon sèvis tradiksyon.
        • Ou ka resevwa twa seyans antrènman pèsonèl gratis.
        • Antrenè pou Sispann Fimen yo ap ede ou evalye adiksyon ou a epi ede ou kreye yon plan pèsonalize pou sispann fimen.
        • Moun ki itilize pwodui tabak yo ka pale ak yon Antrenè pou Sispann Fimen ki fòme nan 1-877-822-6669.
      • Èd pou Sispann Fimen – Lè ou itilize Sispann Fimen nan Telefòn epi ou pale avèk yon Antrenè pou Sispann Fimen, ou ka enskri pou resevwa yon kit terapi ranplasman nikotin (tankou patch, chiklèt, oswa lozanj) gratis pou 2 semèn pou kòmanse pou ede ou sispann fimen, si sa konfòm ak kritè medikal epi si ou gen plis pase 18 tan.

Avantaj Èd pou Sispann Fimen yo

Si w ap li sa a, pa gen dout ou konprann li difisil pou ou sispann fimen. Terapi ranplasman nikotin nan, ka fè pakou ou pou sispann fimen an pi fasil. Men kèk avantaj:

  • Redwi sentòm sevraj yo.
  • Fè ou anvi sigarèt la mwens.
  • Double chans pou ou sispann fimen nèt.

Tobacco Free Florida ofri plizyè opsyon yo pwouve ki san danje epi ki efikas lè w ap eseye sispann fimen.

  • Patch Nikotin – Ou mete patch nikotin nan sou po ou li gen yon adezif mòl, menm jan ak yon pansman.
  • Chiklèt Nikotin – Ou moulen chiklèt nikotin nan pandan yon ti tan yon sèten fason, apresa ou mete li pou li rete ant   jou ou ak jansiv ou.
  • Lojanz Nikotin – Ou mete lozanj nikotin yo nan bouch ou jiskaske yo fonn tou dousman.

Men kèk konsèy pou ede ou pandan w ap eseye sispann fimen pwodui tabak:

  • Fè yon plan epi mete yon dat pou ou sispann fimen. Sa ap ede pou kenbe ou prepare, konsantre, ak motive pou sispann fimen.
  • Di fanmi ou ak zanmi ou dat w ap sispann fimen an epi mande yo sipò.
  • Mete chiklèt san sik oswa mant disponib pou lè ou anvi fimen.
  • O kòmansman, evite kafe, soda, ak alkòl.
  • Kenbe ti goute ki bon pou lasante kote ou, tankou kawòt, seleri, oswa fwi.
  • Fè egzèsis, kit se nan yon sal espò, ak zanmi, oswa poukont ou. Yon bagay senp ak fasil tankou yon ti mache ka ede.
  • Netwaye tout bagay ki ka gen sant sigarèt – rad, machin, kapèt, dra, elatriye
  • Toujou gen yon bagay pou ou fè ak men ou ak bouch ou. Eseye itilize bout kannèl, kidan, oswa chalimo.

Nou la pou ede ou nan pakou pou ou sispann fimen an. Rele nou jodi a nan 1-877-822-6669.